Bilolo Kongo, m ap pale avè w dwat nan je.
Bay vag, se pa yon repons. Se yon demisyon. Epi jodi a, twòp nan nou
— vodouyizan k ap sèvi, k ap dirije, k ap kenbe lakou
— ap tante bay vag paske pèp la pa wè pi lwen ke bout nen li.
Mwen konprann ou.
Mwen koute m byen.
Pwoblèm nan pa ke pèp la pa swiv.
Pwoblèm nan se ke n ap goumen pou yon bagay ki rele « pèp la »
— yon bagay san vizyon, san estim pou tèt li, ki freeze.
Se pa la batay la ye.
BATAY LA SE POU AYITI.
Se yon lòt bagay nèt.
Mwen gen 76 lane. 40 lane nan ZANTRAY montre m vre vizaj peyi sa a
— mwen pa gen ilizyon. Gen 35 lane, lè Herard Simon te remèt mwen lidèchip la, yon granmoun te di m :
"pa gad Vodou a, li long li laj - gad ZANTRAY, travay pou ZANTRAY, Vodou ap benefisye
— paske ZANTRAY, se vodouyizan ki konpoze l.
Mwen aplike strateji sa a pandan 12 lane. Se pa opòtinis. Se yon Legba k ap louvri baryè.
Kounye a, men sa m mande w.
Yon sèl bagay.
Ann koumanse konte tèt nou. KONTE M.
Disiplin kòmanse lakay
— pwòpte devan lakay ou. Se premye zak la pou ou pa bay vag.
Kite « pèp la » nan ban dèyè a. Kenbe Ayiti nan ban devan a.
https://zantray.bvn.app/f/AsA6Iv-8j5lQiQ2i
Se pa pou pèp la pou w goumen
— se pou Ayiti.