← Blog

40 lane. Mwen se pon an. Li l — epi konte tèt ou.

2026-10-04
Pataje: WhatsApp Facebook

1986 – 2026. 40 lane.
Mwen se - pon an.

Pitit tradisyon ayisyen, lakay kou lòt bò dlo, m ap pale avè w dwat nan je.

An 1986, nou te fonde ZANTRAY. An 1988, Leta rekonèt li d'utilité publique, nan Le Moniteur. Jodi a, sa fè 40 lane.

40 lane, mwen wè anpil bagay. Mwen wè lidè k ap rele pèp la, epi pèp la pa vini.
Mwen wè gwoup ki gen plizyè milye manm sou Facebook, epi lè pou yo aji, pa gen moun.
Se pa paske ayisyen pa vle.
Se paske pèsonn pa ba yo - yon premye pa.

An twa semèn, 63 pitit tradisyon ayisyen konte tèt yo: nan 9 depatman, an Frans, Ozetazini, Kanada. 44 metye. Pa gen lajan. Pa gen pwomès. Yon sèl zak: «Konte m.»

Sa montre m yon bagay: konbit pa mouri. Li jis bezwen moun ki konnen youn lòt.

Mwen gen 76 lane. Mwen pa vin pou m pote tout bagay sou do m. Sa m pote, se pa yon chèz. Se yon pon.

Mwen se pon an. Ant tradisyon an ak zouti jodi a. Ant Ayiti ak dyaspora a. Ant lidè yo ak moun yo. Yon pon pa mache pou ou. Li pote w travèse.

Men sa m mande w, pou 40 lane sa a:

Konte tèt ou.
Pote yon moun ou konnen. Yon sèl.
Si w se lidè yon gwoup, yon asosyasyon, yon kominote: vin travèse. N ap montre w kijan nou konte pa nou yo.

40 lane se pa yon fen. Se yon pon.

zantray.bvn.app · ☐ Konte m.

— Réginald Bailly, Anperè Nasyonal ZANTRAY

☐ Konte m.

— Réginald Bailly, Anperè Nasyonal ZANTRAY

Pataje: WhatsApp Facebook
À lire aussi
→ Dimansyon richès Erzulie Dantor selon Nago Naya
→ Yon avoka nan Petyonvil konte tèt li — tradisyon an mache nan tout metye
→ Chak metye kanpe anndan tradisyon an
→ Men kote nou ye jodi a — 30 septanm 2026
→ Chita pale ak Jerry Benjamin

Kòmantè

Kòmantè lektè yo — modere anvan yo pibliye.

Se ou ki premye pou kòmante.

Telefòn ou rete prive (li pa parèt). Kòmantè a pase modere anvan li pibliye.